La charte des soigné·es en créole haïtien

Lors de ces douze derniers volumes, vous avez pu lire successivement douze traductions de la charte des soigné·es ; en voici une treizième. Une sorte de serment d’Hippocrate inversé, c’est-à-dire du point de vue des soigné·es et non des soignant·es. Ci-après, vous pourrez lire l’original de ce texte fondateur d’une relation soignant·e – soigné·e, – bien plus qu’une entrevue – lorsqu’une rencontre permet, peu à peu, de tisser une relation, lorsque l’anamnène clinique peut devenir un récit à deux voix, qui remonte le fleuve des souvenirs ou des oublis salutaires.

 

Winckler, M. (2019). L’Ecole des soignant·es. Paris : P.O.L (pp. 145 – 147) 

1° Mwen se yon malad, mwen se yon moun menm jan avēk ou. Mwen chwazi ou pou ban m’laswenyay.

 

2° Pou ban m’pi bon swen, nan kòm, nan moral mwen ak nan emosyon mwen, w’ap aplike konesans ou yo, teknik ou yo, entelijans ou, ak imanite ou, pandan w’ap toujou fē atansyon, pou pa nui mwen.

 

3° Respekte moun mwen ye a nan tout dimansyon mwen, kēlkeswa laj mwen, sēks mwen, kote mwen sòti, sitiyasyon sosyal oswa jiridik mwen, kilti mwen, valē ak kwayans mwen, kēlkeswa pratik mwen ak sa m'pi pito.

 

4° Ou ap yon konfidan e w’ap temwen plent mwen yo, krent ak espwa mwen yo san ou pa janm ba yo koulē yo pa genyen, ni minimize yo, degize yo oswa fē lòt moun konnen san m'pa ba ou dwa. Ou pa dwe itilize yo nan avantaj ou. Ou p’ap itilize yo kont mwen. Pa poze mwen pil kesyon kap anbarase m’. Pa met baboukèt nan bouch mwen.

5° W’ap pataje avèk mwen, San ou pa kache m'anyen e San bouskile mwen, tout enfòmasyon k'ap ede mwen konprann sa ki rive mwen an, on fason pou mwen pare a sa k'ap tann mwen. Reponn tout kesyon mwen yo avēk pasyans, avēk presizyon, pou repons yo klē kou dlo kòk, pou yo sensē e san restriksyon. Pa kite mwen nan silans, pa kenbe mwen nan inyorans, pa ban mwen manti. Pa ban mwen manti sou konpetans ou ni tou pa kache mwen limit ou.

 

6° Ou gen pou sipòte mwen nan desizyon mwen yo. Pa fē mwen menas, ni chantay, pa meprize m', ni manipile m’, pa fē m'repwòch, ni fē mwen santi m'koupab, pa fè m'wont, ni sedui mwen nan lide pou wete libēte m'. Pa pwofite de ni mwen ni de pwòch mwen yo.

 

7° W’ap kanpe bò kote mwen pou asiste mwen nan maladi sila e w'ap fè fas ak tout lòt moun ki ta ka pwofite de eta mwen. W’ap sèvi m’avoka, entēprēt ak pòt pawòl. W’ap pale pou mwen si mwen ta mande w’ sa, men ou pa gen dwa janm pale nan plas mwen.

 

8° W’ap respekte e fè respekte lwa ki pwoteje m’, w’ap ede m’konbat enjistis ki ka konpwomēt dwa pou m’gen aksē a swen sante lib e libē. W'ap gen pou fòme tēt ou sou konesans syantifik ki resan e teknik kap libere ; w’ap denonse tout sa ki pa klē ; pwoteje m’de machann sante.

 

9° W’ap gen pou respekte menm jan, tout moun ki ap banm laswenyay e w’ap travay men nan men ak yo, kēlkeswa estati yo, fòmasyon yo, e kēlkeswa fason yo egzēse. Se pou ou defann kondisyon travay ou yo nan solidarite ansanm ak pa lòt pèsonēl sante yo tou.

 

10° W’ap gen pou veye sou sante pa w'. W' ap repoze nan lē ki pou sa. Pwoteje libēte panse w. Pa vann tēt ou.

Précédent
Précédent

No Comment N°46

Suivant
Suivant

Distribution of Altered Cutaneous Domains (N°12)